Kreyòl

Rechèch mwen

Sa ki pi enpòtan pou rechèch mwen se kwazman literati ayisyen an ki soti nan diznèvyèm syèk la (1804-1934), se santiman nasyonalis la, epi istwa peyi d Ayiti. Jodi a, m ap etidye yon pakèt tèks ayisyen kote yo pale sou « pèp Taino », pèp endijèn ki t ap viv sou zile Ayiti a anvan li te vin yon koloni ewopeyen. Nan tèks sa yo mwen etidye ki jan yo imajine yon relasyon fanmi ant desandan afriken ak Taino pou yo ka rive bati yon idantite ayisyen « endijèn » ki vin gen rasin li nan Karayib la. Rechèch sa a enpòtan anpil paske li ka ede nou konprann itilizasyon estratejik istwa Taino yo pami Ayisyen yo nan diznèvyèm syèk la. Epitou, rechèch sa a ka ede nou eksplike ki jan Ayisyen yo te defini idantite yo anvan arive teori ki di se ann Afrik yo ka jwenn orijin kilti pèp Ayisyen an.

Ki sa m ap fè nan inivèsite Queen’s ?

Depi 2015, mwen se pwofesè literati ak kilti lang franse nan inivèsite Queen’s. Nan Depatman etid franse, mwen bay kou sou lang franse, literati ak kilti karayib, literati antikolonyal, tradiksyon, epi kou sou ki jan moun aprann yon dezyèm lang.

Ki sa m ap chache ?

M ap chache chèchè ayisyen (kit se pwofèsè, kit se etidyan avanse) ki ta renmen patisipe nan kou m oubyen chèchè pou monte yon pwojè rechèch avè m.

Dr. Michael Reyes
mcr6@queensu.ca
+1 (613) 533-2082

DEPARTMENT OF FRENCH STUDIES
Kingston Hall, Room 300
Queen’s University
Kingston, ON K7L 3N6
Tel/Tél : 613 533 2090
Fax/Télécopieur : 613 533 6522

Je tiens à remercier le KEPKAA, et M. Pierre-Roland Bain en particulier, pour la vérification de cette traduction que je propose en créole haïtien.  

Le KEPKAA, situé à Montréal, offre des cours de langue créole de tous niveaux, accueille des invités littéraires et culturels importants, et organise, chaque année, le Mois du Créole de Montréal. 

KEPKAA

2000 boul. Saint-Joseph Est
Montréal H2H 1E QC
Tél : 514 750 8800
Kepkaa.com
librairie.kepkaa@videotron.ca
kepkaa@videotron.ca

%d bloggers like this: